M se w travayè yon restavèk Koulè po m nwè m toujou an dèy M privatize m globalize Men m pa touche pou m konsome Valè m peye pou libète m Endemnite ak enterè Menm dwe tout machann sou pòtay Yon dyaspora k sot banm di goud Ban m yon lòt kou souple Gwòg la sanble l vante Boutèy la mal bouche M pa konn sa k ap pase Mwen bwè ase pou m soule
Mwen se nèg, fèy fèy nan boutèy Se sèl remèd pou doulè tèt Dayè doktè di mwen pap wè nwèl Fyèl mwen pete nan pouse bourèt M santi m ta vle enève Men m te jire mwen pap joure Timoun la yo va tande Menm si yo ap dòmi nan lari Fò timoun yo sove M pa vle yo wè map kriye Fò m ri menm si m fòse Inosans prezève yo Demen pou yo ka lite Gad kijan m toumante M pa konn sa kap pase m Banm yon lòt kou souple Gwòg la sanble l vante M bouke soufri m bezwen sou.
YonTizwazo 1 year ago
YonTizwazo 1 year ago